Rss Feed Tweeter button Facebook button Linkedin button Delicious button Digg button Stumbleupon button

Monument Commémoratif pour les Familles Haïtiennes à Queens / Pwojè Moniman pou Fanmi Ayisyen yo ki nan Queens

Monument Commémoratif pour les Familles Haïtiennes à Queens

Des milliers de nos proches parents ont perdu leurs vies durant la tragédie du tremblement de terre de 2010 en Haïti. Cela fait presque 2 ans, et toujours le chagrin et la douleur sont engravés dans nos cœurs. Certaines familles ont eu l’occasion de donner une sépulture décente à leurs proches mais beauoup d’autres n’ont pas été aussi chanceuses. De nombreux corps n’ont jamais été trouvés et d’autres ont été placés dans un cimetière massif. Cette dernière situation est l’une des pires craintes qui pouvait arriver à quelqu’un. Il est très pénible de vivre avec le fait que vous avez perdu un être cher et le fait que vous n’êtes pas capable de donner un dernier enterrement ou un dernier rituel à vos proches.

Maple Grove Cemetery à Kew Gardens, Queens aimerait ériger un Monument commémoratif pour les familles haïtiennes pour commémorer la vie de leurs proches qui ont péri lors du séisme, et qui n’ont pas eu de sépulture appropriée en Haïti ou aux Etats-Unis. Le cimetière a commencé de travailler sur ce projet depuis 2010. Maple Grove Cemetery aimerait démarrer le projet le plus vite que possible. Ils ont déjà retenu un architecte haïtien pour concevoir le plan du monument dès qu’ils recrutent plus de familles. Le monument commémoratif sera un lieu d’honorer votre bien-aimé en ayant leur nom gravé sur le monument, à visiter quand vous le voulez et à méditer. En plus, ce monument sera maintenu pour toute les futures générations.

Vous n’avez pas a vous préoccuper ni de paiement et ni de statut légal aux Etats-Unis, parce que le but de Maple Grove Cemetery, est de vous donner, la famille haïtienne, la possibilité d’avoir le nom de votre bien-aimé gravé dans un lieu de repos.

Haiti1Stop aimerait que les résidents à Queens qui veulent amples informations sur ce projet, nous contacte à info@haiti1stop.com et nous vous ferons parvenir les coordonnées complètes de la personne dont vous avez besoin de parler à Maple Grove Cemetery.

Pwojè Moniman pou Fanmi Ayisyen yo ki nan Queens

Milye frè ak sè nou pèdi lavi yo nan tranbleman 2010 ki pase Ayiti. Sa fè preske 2 zan nou toujou gen lapenn ak doulè nan kè nou. Gen fanmi ki te gen opòtinite pou yo antere fanmi yo, men gen lòt ki pa jwen chans sa. Yo te swa pa jwenn ko fanmi yo, ou bien yo te deja mete yo no nan simityè en mas. Se sitiyasyon ki pi mal la ki te ka rive yon moun ki soufri yon pèt si trajik. Li trè difisil pou viv ak lefèt ke ou pèdi yon moun ou renmen ak lefèt ke ou pa kapab bay fanmi ou on dènye antèman.

Simityè Maple Grove nan Kew Gardens, Queens vle bay chak fanmi ayisyen yo nan Queens yon moniman pou komemore lavi moun ke yo pèdi, ki pa te gen okenn antèman ni an Ayiti oswa nan Etazini. Simityè Maple Grove ap travay sou pwojè sa-a depi 2010. Yo gen yon achitèk ayisyen nan konsepsyon moniman an, epi yo pare pou yo fè moniman an pi vit ke posib. Simityè an vle plis fanmi patisipe. Moniman ap se yon kote yo pral ekri non moun nou renmen yo, e fanmi yo ka vizite nenpòt lè yo vle pou yo lapriyè oswa fe refleksyon. Sa ki pi enpòtan, moniman an pral kanpe pou anpil jenerasyon kap vini yo.

Fanmi ayisyen pa bezwen peye pou anyen, ak yo pa dwe konsène yo sou estati legal yo nan peyi Etazini. Simityè a sèlman vle bay fanmi ayisyen yo opòtinite gen non moun ke yo pedi grave sou moniman an.

Haiti1Stop ankouraje nenpòt moun ki abite nan Queens ki vle fè pati nan pwojè sa-a pou yo kontakte info@haiti1stop.com pou nou fè rive enfòmasyon konplè sou moun ou bezwen pale lan simityè Maple Grove.

Content Protected Using Blog Protector By: PcDrome.
Latest Site Update: 27-4-2015 .